Twazyèm epizòd (swit 2e)
- E kisa ou konnen yo konn fè ak zam? (Nido di) Se pa fistibal non yo di’w: zam.
Djeri sezi, li di:
- Men pa di’m se pou tiye’m non Nido.
Maks pete yon chèn ri, li di:
- Lè pa’w la poko rive ti papa, men ou sou lis la.
Djeri pa fè ni 2 ni 3 li deplase san di anyen. Ni youn nan lòt mesye yo pa di’l anyen tou. Lè li fin deplase, Maks mande Nido.
- A ki entansyon Djeri vire konsa a Nido?
- Li pè monchè, epi kisa ankò?
Nou nan chanm Nido a, demen aprè sa ki te fin pase ant li menm ak Djeri a. Pòt la frape: kow! kow! Nido kouri li leve l’al ouvri an pansan ke se Sacha ki vin lakay li poutèlman misye pasyone. Li ouvè pòt la epi li di :
- Sacha cheri....
Moun ki te frape a di:
- Manda cheri.
- Manda? Poukisa? M nan kont ak moun?
- Sa a se lè ou rive nan tribinal la w’ap konnen. Kanta mwen menm, m fè devwa’m, m ba ou li.
Nido pran manda a epi li tounen chita. Lè li fè lekti, li wè ke se Djeri ki voye manda a ba li. Tèt fè mal pran Nido rapid, tou 2 men li ap tranble. Li pran telefòn li rele Maks.
- Maks, nou nan pwoblèm pi rèd.
- Ki pwoblèm sa a Nido?
- Djeri voye manda banm wi man.
- Kisa? Manda poukisa?
- Daprè sa m’ap li la a se pou menas. Ou wè’m te menase Djeri Maks?
- Non, men...eeey, tèt chaje. Tout bagay sa a rive la a akoz Sacha’w la.
- Sa n’ap fè Maks?
- Kòman sa n’ap fè a? Se 2 chwa wi, mawon oubyen ale nan tribinal la.
- Bon kote nou pral gen kòb pou’n peye avoka Maks.
- A! Nou pa bezwen avoka, nou prale e n’ap defann tèt nou.
- Maks, m pa gen kò pou’m al kwoupi nan prizon non, m plis wè mawon an wi mwen.
- Ki bagay mawon misye ap pale la a? Se jis yon envitasyon yo fè’w pou’w al reponn kesyon sou sa’w te di’m kwè. M’ap vin touswit.
Lè Maks rive, li li manda a. Jodi a se vandredi, yo pral nan tribinal la lendi. Yo kase randevou e yo pa di pyès paran yo sa.
Bondye ka rezoud tout pwoblèm
Sa fè lontan Nido pa vin pa bò isit, nan kay yon sèl chanm sa a kote tout moun wè moun, tout moun konn moun. Ou wè ki kote m’ap pale a wi, nan Legliz! Nido saj, poze, frèt paske li vrèman gen pwoblèm. Menaj li non sèlman konnen li twonpe’l men sitou li kite’l e plis ankò li renmen ak yon lòt patnè. Pi bon zanmi li trayi li jis li rive ba’l manda. Sa’k pi rèd la, li pa ka di paran li anyen de sa. M! Bondye ka rezoud tout pwoblèm. Nido kòmanse priye, je fèmen, tèt sou ban:Jezi men pwoblèm yo!
Jodi a se dimanch, demen Nido pral nan tribinal. Sanzatann, yon dam vin parèt, li chita bò kote li devan Legliz la lè yo fin relache. Li di li:
- Frè mwen, kòman ou ye?
- Mwen la wi manman’m nan. N’ap viv ak Jezi.
- Pa gen lòt chwa pitit mwen, paske lavi sa a tèlman gen pwoblèm, si yon moun pa chache gen Jezi kòm bousòl, li ka rive fè tout sa ki mal. Kòman ou rele?
- Nido Doratien.
- Dakò, mwen se Madame Duraplas Elisema. Koute frè Nido, mwen gen yon mesaj pou ou.
Kè Nido kase, li pa’t atann ak yon konvèsasyon konsa. L’ap koute avèk atansyon. Dam nan kontinye pou di:
- Lè yon moun fè yon bagay ki mal, si li pa pran konsyans ke se yon mal, sa ka pouswiv li nan tout sa l’ap fè nan vi’l. Menm moun li pa ta panse ap leve kont li. Men Bondye bay tout moun posiblite pou yo rekòmanse depi yo rekonèt erè yo. Sa pa toujou fasil pou yon moun fè sa men se lesansyèl.
Nido reflechi sou sa dam nan di a, li reponn:
- Mwen konnen sa’m pral fè, paske tout sa ou di se verite.
Aswiv...
Jerome Dorsonne Emerson