mercredi 30 septembre 2015

Nido nan pwoblem, 1e

Premye epizòd

Nido ak Djeri se de bon zanmi. Paske Nido twò jalou, li pral pa fye zanmi li Djeri. Sitiyasyon sa a pral lakoz zanmitay de mesye yo redwi jiskaske yo pral konnen moman difisil ki pa’t janm rive depi lè yo te zanmi.

Sacha lopital

Yo vin anonse Nido ke menaj li lopital Dechapèl. Men li pa ko konnen poukisa. Rapid, li pran bekàn li ale kay zanmi li Djeri ki konn tout ti sekrè li. Li rive tou swe, tou bouke :
-Djeri, Djeri, m nan pwoblèm.
-Kisa’w genyen ? Bon misye pa janm pa nan pwoblèm li menm ? Sak pase’w menm ?
-Monchè, m fèk aprann ke Sacha lopital Dechapèl depi maten.
-Epi?
-Kòman epi a…? Mwen di’w Sacha lopital ou di epi ?
-Rete ! Se mwen k koz li lopital la ?
-Tèt Nido pati, li pase men nan figi li plizyè fwa epi li lage l kò’l atè devan kabann Djeri a.

Djeri di li :
-A ! M p’ap vin responsab lanmò la a non papa, sèkèy koute chè wi sèjousi.
-Djeri, si’w te konnen sa k genyen la a, ou t’ap kouri al achte sèkèy la pou mwen paske lanmò genlè pi bon pase lavi nan sikonstans sa a ?
-An ! M konprann…
-Kisa’w konprann nan ?
-Sacha ansent Nido…
-Mèwi, se sa k pi fasil pou ou e se sa’w ta renmen rive, pa vre ?
-Non, men mwen imajine ke se sa sèlman ki te ka bò’w pwoblèm ak menaj ou. Nimewo 1, ou pa marye. Nimewo 2, ou pa ni manman ni papa Sacha.
-Ebyen si se pou sa yo ki ta pou fè’m gen pwoblèm, ou pa ko janm renmen Djeri.
-Si se vre, di’m sak bò’w pwoblèm nan pou’m wè.

Nido leve li chita sou kabàn lan epi li kòmanse pale konsa.
-Ou ka dim kisa ki ka rive si yon fi ki fè kè fè sezisman ?

Djeri sezi, li mete 2 men nan tèt ! Nido kontinye pou di li:
-Sacha dekouvri m renmen ak yon lòt tifi.
-Yon lòt tifi ? Kilès sa?
-M’a gentan di’w non li, men pou koulye a, se pwoblèm mwen m’ap jere.

Trayizon oubyen jalouzi ?

Djeri ak Nido se 2 elèv lekòl, yo nan menm klas, yo gen menm tay, menm koulè. Gen moun ki menm di yo se marasa. Nou nan yon fèt anivèsè kote yo te envite 2 mesye yo. Kouzen Nido a la tou, li rele Maks. Aprè kèlke minit  fin pase, mesye yo separe, bon mizik  ap tonbe nan fèt la, tout tèt kole, kò kontre nan danse. Apèn Nido fin voye zye li nan yon kwen, li wè Djeri k’ap pale ak yon jèn fi. Men jèn fi a bay Nido do, e Djeri pa wè si Nido ap gade li. Pandan tan sa a, kouzen li an Maks vin rive bò kote li. Li pase men li devan figi li plizyè fwa, li di :
-Reveye’w tibway.
Nido al chita sou yon chèz nan yon kwen ak Maks. Y’ap pale:
-Sa’w gentan gen la a kouzen ?
-Djeri trayim.
-Kòman sa li trayi’w la ?
-Djeri trayim Maks.
-Men kòman, kòman li trayi’w la ?

Maks fè yon ti reflechi, li di:
-Ooo! M wè kote’w ye a. Sa vle di Djeri trayi’w paske l’ap pale ak tidam lotbo a, se sa?
-Wè !
-A a a a ! Se menaj Djeri wi Nido.
-Kisa ? Menaj Djeri, m’ap koze avèk li, li fè’m kwè li pa gen menaj.
-Bon, ou pa nan peyi isit menm si se pou sa.
-M pa konprann sa’w vle di a la menm Maks.
-Ou gen pou’w konprann lè’w dekouvri ke’w nan erè.

Nido pa di anyen. Li pa menm kite fèt la fini, l’ale lakay li. Maks tou swiv li. Nan demen
maten, lè Djeri rankontre Nido, li di li konsa :
-Bon, kisa ‘w fè’m la a yè swa ?
-Kisa’m fè’w ? Kisa’w fè’m oubyen…..??
-O ! M pa konprann, kisa’m te fè’w ?
-Mwen menm tou m pa konnen kisa’m te fè’w.

Nido tou deplase san ajoute yon mo. Djeri sezi men li pa janm konprann poukisa Nido reyaji konsa.

Pwoblèm sou pwoblèm

Nou nan restoran nan Sant Fòmasyon Montessori Lyankou a, Sacha ap bwè yon tiju ak yon jenn gason ki rele Keni. Yon bon kout dwèt mennen Nido isit avèk kouzen li Maks. Sacha ki te wè li depi lè l’ap antre a fè plis mouvman pandan l’ap ri ak Keni, yon fason pou agase Nido. Nido apwoche epi li di :
-Bonswa mesye dam.
-Bonswa, ( yo tou 2 reponn an menm tan)
-Ee…Sacha m ka fè yon ti pale avèk ou silvouplè ?

Sacha souke tèt li, li di :
-Kòman’w fè konn non mwen ?
-Kisa w di a Sacha ? Nido wi ou mande si’l konn non’w lan ?
-Nido ? Men sa non sa a pa raple’m anyen. Ou rekonèt li cheri ?
-Kisa ? Cheri ? Kisa sa vle di…franchman m pa konprann.

Keni fè yon ti leve, li di :
-Ou deranje’m wi sitwayen.
-Se mwen ki deranje’w ? A a !

Sacha di :
-Keni, ann ale pou yon fwa dakò ? Kite rès ji a pou misye.
Maks di :
-Ala frekan tifi sa a frekan papa.

Nido reponn :
-Ou rele sa a frekan ? Se plis ke sa.

Sacha deplase ak Keni, yo te vin sou moto. Yo remonte epi yo lage gaz. Pandan Nido ap gade yo prale, Maks mande li :
-Apa’w pa fè anyen Nido, w’ap kite l ale ak Sacha konsa ?
-Ou wè’m sanble ak yon prizonye ?
-Non, men’w te di’w prè pou’w fè kennenpòt bagay pou Sacha jis pou’w pa pèdi’l.
-Egzakteman ! E se sa ki pral rive paske trè byento ou pral gen nouvèl.

Aswiv...
Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire