mercredi 30 septembre 2015

Nido nan pwoblem

Dezyèm epizòd

Nido fèk tanmen nan pwoblèm

Djeri vin kay Nido maten an pou li pale de sa ki te pase nan fèt la. Tou tris, Nido pa sou reponn.
-Yow, epa’w pa janm rele’m depi lòdjou a Nido ?
-Kòman, se sèl mwen ki gen nimewo telefòn ou?
-Kèt ! Misye toujou nève.
-Bondye fè ou tou wè sa.
-Men, m pa rive konprann pouki’w aji konsa paske’m pa fè’w anyen ki mal. Nou ale nan yon fèt, ou al kite’m san’m pa konnen. Mwen kwaze avè’w nan demen maten, ou fè’m malonèt. Maten an ankò, ou toujou pa sou pale avè’m. Bon, pa gen pwoblèm, kòm ou pa vle tande’m, m te gen yon bagay m t’ap di’w m bay vag.

Nido ki konnen sa ki genyen ant li menm ak Sacha, kouri di :

-Kisa’w t’ap di’m nan ? (Li souri)
-A a w’ap souri koulye a ?
- En en…m p’ap di’w anyen.
-A monchè, di’m bagay la non ? Ou te wè Sacha ?
-Wi, e li di’m trè byento li pral fiyanse.
-Kisa? (Nido mete men sou kè li)
-Koulye a se ou k’ap fè kè papa. Antouka, m poko ka konprann kòman sa pral fè posib paske ‘m konnen se ou menm ki menaj Sacha.
-Franchman, nan sa m’ap pran la a, prefere’m pa’t nan zafè renmen sa a.
-Men jiskaprezan, li pa two ta pou’w fon kraze kite sa.

Nido sonje lè Djeri te nan fèt la ak madmwazèl la, li di :

-Mwen swete’w pa gen lòt ide dèyè sa’w di a paske l’ap grav pou ou anpil.
-Nido, ki lòt ide m ka genyen pou mennaj patnè’m ?
-Patnè ? An, ou se patnè’m ? Epi….bon, bay vag.
-Finalman Nido, w’ap di’m sa k’ap pase a paske m vrèman pa ka konprann sa w’ap di yo depi lòdjou. Si’w pa ka di’m kisa’m gen avèk ou, n’ap kraze zanmitay la. Twòp sekrè, twòp sekrè…

Nido souke tèt li plizyè fwa, li souri epi li pran telefòn li, li rele Sacha. Pandan l’ap fè apèl la, Djeri mande li.
-Kisa’w ap fè’m la ?
-Kisa’m fè’w ? (Nido mande li)
-M ap pale avèk ou, epi w’ap fè apèl, sa vle di, sa pa enpòtan pou ou ?
-Djeri, ou konn sak genyen ? Kite’m jere pwoblèm mwen tande.

Telefòn nan dekroche.
-Wi, kòman’w ye? (Nido mande li)
-Mwen anfòm grasadye, e ou menm?
-Mwen la, m’ap gade san pran. Koute non, yon enfòmasyon m te vle konfime wi silvouplè.

Djeri met de men nan tèt, li di :
-Yow, pinga’w di se mwen non

Nido kontinye pale :
-Apa m tande ou pral fiyanse ? Akiyès ?
-Akiyès ou ta vle’m fiyanse ? Ak yon bèt oubyen…
-Non, se pa nòmal sa Sacha, ou deside twò vit cheri, poukisa se konsaw fè’l ? M pa gen anyen avè’w.
-Se ou ki panse sa Nido.
-Men sa rezoud deja Sacha.
-E kilè sa te rezoud?
-Sacha, Sacha kisa’w vle’m fè pou sa rezoud ?
-Si’m di’w li w’ap fèl Nido ?
-Wi, monamou, m’ap fè’l, mande’m sa’w vle.
-Dakò, ebyen retire non mwen nan vokabilè’w, debranche’m nan kè’w oke ?

Nido tèlman sezi, li pa di anyen ankò. Sacha fèmen telefòn nan, Djeri ret bouch ouvè epi li monte epòl li kòm siy pou mande kisa Sacha di. Nido gade Djeri, li pran yon ti souf epi li bese tèt li.

Nido kòmanse kriye :
-Sacha kite’m tout bon vre Djeri.
-Kòman sa ?
-M mande’l kisa pou’m fè pou’l padone’m, li di’m poum retire non li nan vokabilè’m.
-O se vrèman tris.

 Pandan tan sa a, Maks vin parèt tou swe tou bouke.
Yow, Nido, m pa jwenn zam nan non.
-Zam ? (Djeri di) Poukisa zam nan, sa’n pral fè avè’l ?

Aswiv...
Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire