AVAN NOU PALE
Li klè ke tout moun ki pa vle konvèti gen omwen yon rezon. Rezon sa a ka pèsonèl: moun nan deside pa konvèti san li pa bay moun pote chay. Li ka jeneral: moun nan deside pa konvèti sou sa li wè e tande de lòt kretyen. Si nou ta pran tan pou n tande chak moun sa yo, nou te ka apiye yo paske yo chak gen omwen yon rezon pou jistifye dezakò yo.
Pa egzanp, yon moun ki konnen move aksyon yon pastè oubyen kennenpòt kretyen ap fè, ka di w ak tout fòs li ke si se ta pou moun sa yo, li pap janm konvèti. Gen lòt moun tou ki di yo pap konvèti pou jan tèl kretyen ap viv avèl nan kay, nan lekòl, nan travay oubyen nan yon zòn.
Gen anpil lòt pawòl tankou: m pa gen tan, priye pou mwen, m ap gentan, m poko prè, nan sa m ye a m pa ka kretyen, Bondye ap fè m konvèti avan m mouri, m ap konvèti lè m fin lekòl, gen twòp plezi deyò a, moun legliz twò fèzè, yo preche moun reziyasyon nan legliz, pastè yo twò raketè, pa gen legliz nan zòn nan ki bon, m te la men m ap gentan tounen....
Men, ou menm k ap li tiliv sa a, èske ou panse ke yon moun ap gen rezon devan Bondye? Eske nan jou Jijman an, lap ka bay youn nan rezon sa yo pou montre poukisa li pa’t konvèti avan li te mouri? Eske ou menm tou, ou pa gen omwen youn ou konn bay lè y’ap preche’w pou w pa konvèti?
Li posib pou w konprann plis si ou kontinye li avèk atansyon 10 rezon sa yo ki dwe fè w dekouvri enpòtans konvèsyon ou jodi a menm!
Premye rezon : OU SE KREYATI BONDYE
Men sa nou li nan Bib la : « Lè sa a, Senyè a, Bondye, pran pousyè tè, li fè yon moun. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan » (Jenèz 2.7). Dezyèm wa peyi Izrayèl la ki te rele David te di Bondye : « Wi, se ou ki fòme tout pati nan kò m, se ou ki ranje yo byen ranje nan vant manman m. » (Som 139.23) Yon lòt sèvitè Bondye te di ankò: « Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l, san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè. » (Ebre 4.13).
Gen yon doktrin yo rele « evolisyonis » ki fè konprann ke espès yo te evolye. Doktrin sa a fè kwè ke lòm ta soti nan bèt, se pat Bondye ki te kreye li. Pawòl Bondye a voye l jete byen lwen paske bèt toujou rete bèt, moun toujou rete moun. Pyès nan yo pa ka lòt ke sa yo ye a depi lè yo te kreye. Anplis, Bib la temwanye ke bèt te fèt anvan moun. E lè Bondye te fin kreye 2 premye moun yo, Adan e Èv, se yo ki te bay tout bèt non epi resevwa pouvwa pou domine sou yo (Jenèz 1.28). Malerezman, gen moun ki chwazi adore kreyati parèy yo (pye bwa, bèt, estati, elatriye).
Ki papa k ap dakò pou pitit li pa obeyi li jis li kite kay la pou l'al viv kay zanmi oubyen nan lari? Se menm jan an pou Bondye ki te kreye ou. Li renmen ou, men sa fè lontan l'ap rele ou, ou pa vle tounen vin jwenn li. Si ou kwè vrèman ke ou pa sot nan bèt, ke ou se kreyati Bondye, se Bondye sa a pou w adore paske se pou sa li te kreye w. Youn nan pi gwo erè moun konn fè, se lè yo kwè ke se pou pastè a y’ao konvèti, kòmsi se yo menm yo pral sèvi. Poutan, pastè yo la pou bay pawòl la. Lè ou konvèti, ou kwè nan sa yo di’w la, men se pa yo ki se Bondye. Si ou poko konvèti, se pa paske Bondye pa renmen'w, men se paske'w poko deside fè sa. Ou poko rekonèt ke li se kreyatè ou.
Gen moun ki konn di : « Wi, mwen kwè ke se Bondye ki te kreye tout bagay ». Rekonèt Bondye kòm kreyatè pa sifi si ou pa aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou paske se li menm Bondye te voye mouri pou te ka rekonsilye avè'w: « Nou te lènmi ak Bondye lè Pitit Bondye a mouri pou l te fè nou byen ak Bondye ankò. Kounyea, nou se zanmi Bondye, nou pa bezwen mande si lavi Pitit Bondye a p'ap delivre nou. » (Women 5.10)
Dezyèm rezon: KONSEKANS PECHE
Aprè Bondye te fin kreye Adan e Èv, li te ba yo yon lòd ke yo pa't respekte: « Ou mèt manje donn tout pyebwa ki nan jaden an. Men, pinga ou manje donn pyebwa ki fè moun konnen sa ki byen ak sa ki mal la. Paske, jou ou manje l, w'ap mouri. » (Jenèz 2.16-17). Adan e Èv te dwe respekte lòd sa a paske yo te konenn konsekans dezobeyisans la : lanmò. Malerezman, youn nan bèt ki te pi rize ke Bondye te kreye te rive tante yo epi fè yo dezobeyi. Adan te lage chay la sou do Èv: « Fanm ou te ban mwen an, se li menm ki ban mwen fwi pyebwa a pou m manje, epi mwen manje l. » (Jenèz 3.12). Èv lage l sou do sèpan an: « Se pa mwen non! Se sèpan an wi ki pran tèt mwen ki fè m manje l » (Jenèz 3.13).
Se akoz dezobeyisans sa a ki fè lanmò pral vin nan kreyasyon an ak anpil soufrans tankou: soufrans nan fè pitit, dominasyon lòm sou fanm, tè a madichonnen, travay di. (Jenèz 3.14-19). Si jodi a gen lopital pou maladi, prizon pou moun ki fè sa ki mal e simityè pou antere mò, se paske Adan e Èv te dezobeyi lòd Bondye. Se premye peche lòm te fè e se li menm tou ki lakoz lemond boulvèse. Gen moun ki di ke Bondye pa renmen yo poutèt li kite yo ap soufri. Ebyen, se pa fòt Bondye, se konsekans premye paran nou yo. Nap peye sou latè paske nou se desandans moun ki te fè'l la : « Se poutèt yon sèl moun peche antre sou latè. Peche a louvri pòt pou lanmò. Se konsa lanmò vin pou tout moun, paske tout moun fè peche.» (Women 5.12) Menm jan an, si jodi a ou konnen pou'w konvèti ou pa fè sa, konsekans la se « kondanasyon ». Pa dezobeyi menm jan ak Adan e Èv pou'w pa sibi konsekans dezobeyisans pa'w la tou. Konsekans peche a pa sèlman lanmò fizik sou latè, men aprè lanmò fizik sa a, mò yo gen pou jije. Se sa Bib la di : « Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fotèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo daprè sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. » (Revelasyon 20.12). “Tout moun ki pat gen non yo ekri nan liv ki gen non moun ki gen lavi a, yo jete yo nan letan dife a tou.” (Revelasyon 20.15). Lè'w konvèti, se sèten ou gen pou'w mouri, men yo pap jete ou nan letan dife a paske moun Kris yo ap nan Wayòm nan.
Twazyèm rezon: GRAS BONDYE
Daprè sa nou sot wè nan dezyèm rezon an, nou wè ke konsekans peche pote malè pou lòm ni nan tan sa a ni nan tan k ap vini yo, jan sa ekri nan Revelasyon 20.12-15. Nou fè diferans ant de kalite lanmò nan sans sa a. Premyeman, lè yon moun mouri fizikman, yo mete li nan mòg epi yo antere li. Se sa nou li nan Jenèz 3.19 : « …se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò. » Dezyèman, nou wè yo pale de yon lòt lanmò nan Revelasyon 20.13 : « Lanmè a remèt tout moun mouri ki te nan fon li. Lanmò ak kote mò yo ye a renmèt tout mò ki te nan men yo. Yo jije tout mò sa yo dapre sa yo te fè.»
Deja, nan tan nou ye la a, Bondye gentan fè nou wè kisa ki gen pou rive tout moun ki pa kwè nan Jezikri yo. Se sa nou rele pwofesi a, e fòk yo akonpli paske Bondye p'ap bay manti. Sa ki bèl, ekstraòdinè menm nan pwofesi sa a, sèke li posib pou yon moun evite kondane paske men sa Jezi ki se Sovè a di: “ Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3.16)
Lanmò Jezi fizikman se te pou manifeste gras Papa li anvè limanite. Si Bondye chwazi sove nanm nou anba kondanasyon, se yon gras paske akoz peche Adan e Èv yo, nou pa merite sa. Nou tout te dwe peri depi nou mouri, pat dwe gen posiblite pou'n repanti, men Bondye ki pa menm jan ak lòm, pa jije menm jan ak li tou, te deside nan li menm pwiske li se lanmou an menm (1 Jan 4.8), pou padone peche tout moun si sèlman yo kwè nan sakrifis Jezikri, sèl Pitit li a. Nou jwenn pwomès sa a nan Bib la: “Peche peye nou kach: li ban nou lanmò. Men kado Bondye ban nou gratis la, se lavi ansanm ak Jezikri, Senyè nou an, yon lavi ki p'ap janm fini. » (Women 6.23). Tout moun ki kwè nan Jezikri yo ap resevwa gras Bondye kap pèmèt yo gen lavi ki pap janm fini an.
Katriyèm rezon : TOUT MOUN PA PITIT BONDYE
Ou pa tap rive dakò fasil si yon jou yon moun ta di ou pou w sove, fòk ou fèt yon dezyèm fwa. Ou te ka wè ke moun sa a pa konnen sa l'ap di paske li enposib pou yon moun fin fèt, menm si li te fèk soti nan vant manman li, pou li retounen ladan ankò, alewè lè li fin grandi epi vin granmoun ; sa vin pi enposib. Ebyen, yon bagay konsa te rive ant Jezi ak yon mesye ki te pote non Nikodèm. Se te yon nonm ki te gen anpil konesans nan lalwa peyi Izrayèl nan epòk la. Yon jou aswè, li te al jwenn Jezi pou pale ak li. Li t’ap felisite Jezi pou mirak ke l’ap fè. Sepandan, sa pa't anpeche ke li pat ko prè pou antre nan Wayòm Bondye a ki se peyi kote tout moun ki sove yo pral viv ansanm nan. Jezi te di li fòk li fèt yon lòt fwa pou li antre nan Wayòm sa a. Li te twouve sa enposib, poutan sa te endispansab, sa vle di, si yon moun pa fèt yon lòt (dezyèm) fwa, li pap ka sove (Jan 3.1-10).
Lè ou fèt yon premye fwa, se lè ou te soti nan vant manman ou, sa vle di ou se pitit manman ou ak papa ou, men ou poko pitit Bondye. Ou se kreyati Bondye, jan nou te sot wè li nan premye rezon an. Ou vin pitit Bondye lè ou fèt yon dezyèm fwa. Lè sa a ou resevwa Sentespri Bondye a nan lavi ou, li make ou kòm zafè pa li (Efezyen 4.30 ; Women 8.14,16). Atò, gras ak prezans Sentespri a nan lavi ou, ou se pitit Bondye, ou vin ka fè l plezi nèt ale (1 Jan 3.10).
Gen anpil moun ki pa vle dakò ke yo pa pitit Bondye. Nan yon sans, yo gen rezon paske se Bondye ki te kreye yo. Men si tout moun te pitit Bondye, sa tap vle di ke tout moun se kretyen, tout moun sove. Se pa sa li ye vre. Si jodi a, ou bezwen pou yo toujou ankouraje w pou'w konvèti se paske ou bezwen fèt yon dezyèm fwa pou w ka tounen pitit Bondye.
Pou w resevwa Sentespri sa a, ou bezwen tande pawòl la epi kwè nan sa li anseye yo (Jan 1.11-13 ; Travay 10.44-45). Anplis, si Bib la pale de lavi ki pap janm fini an, se paske lavi nou genyen depi nou te fèt premye fwa a gen pou fini tandike lavi nou jwenn lè nou fèt dezyèm fwa a pap janm fini. Ou ka vin pitit Bondye lè ou aksepte Jezikri nan lavi ou !
Senkyèm rezon : OU P’AP KA EVITE JIJMAN BONDYE
Si ou dakò ke se Bondye ki te kreye ou, ou aksepte tou ke ou se swa yon gason oubyen yon fanm. Konsa, jan nou te li nan liv Jenèz la, tout moun, sa vle di, tout kreyati Bondye yo, gen pou tounen pousyè paske se la yo te soti. Anplis de sa, gen mouri pou ale nan simityè e gen mouri pou ale nan letan dife, toujou daprè sa nou te li nan Revelasyon 20.11-15.
Depi ou se yon moun, gason oubyen fanm, ou se kreyati Bondye e ou gen pouw mouri. Men sa Bib la di sou sa ki gen pou rive aprè lanmò : « Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo» (Ebre 9.27). Ke ou te mouri ou resisite, ke se nan mistik yo tiye ou, ke se nan maladi oubyen nan lasante, ke ou se jèn oubyen granmoun depi souf ou pa la ankò, ou mouri, e sa ki rezève pou ou se jijman.
Tout moun ki mouri yo, konvèti ou pa, gen pou resisite. Annou li sa nan Bib la : « Nou pa bezwen sezi. Lè a pral rive: tout mò ki nan tonm yo pral tande vwa li, yo pral leve soti vivan nan tonm yo. Moun ki fè sa ki byen pral leve pou resevwa lavi ki pap janm fini an. Men, tout moun ki fè sa ki mal pral leve pou resevwa kondanasyon yo.» (Jan 5.28-29).
Depi ou fèt zanmi mwen, wap mouri kanmèm, e depi ou mouri, ou pa ka evite jijman Bondye. Jijman Bondye a chita sou misyon li te bay Jezi: «Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pèdi lavi yo. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.» (Jan 3.16)
Se sa ki fè, lè ou tande yon moun ap preche'w levanjil, fòk ou prete atansyon ak deklarasyon sa a: « Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun. Moun ki kwè epi ki resevwa batèm va delivre. Men, moun ki pa kwè va kondane.» (Mak 16.15-16). Ou ka evite jijman Bondye si sèlman ou konvèti.
Sizyèm rezon : ESKIZ OU YO P’AP VALAB
Eskiz se yon rezon ke ou bay pouw pa fè oubyen di yon bagay. Konsa, tout moun ki pa vle konvèti gen pou pi piti youn nan rezon ke nou te site nan entwodiksyon an: m pa gen tan, priye pou mwen, m ap gentan, m poko prè, nan sa m ye a m pa ka kretyen, Bondye ap fè m konvèti avan m mouri, m ap konvèti lè m fin lekòl, gen twòp plezi deyò a, moun legliz twò fèzè, yo preche moun reziyasyon nan legliz, pastè yo twò raketè, pa gen legliz nan zòn nan ki bon, m te la men m ap gentan tounen....
Konvèti se desizyon ou pran pouw kwè nan Jezikri lè ou fin tande pale de li nan lari a, nan lekòl la, nan travay la, nan mache a, nan jaden an, nan legliz la, nan machin lan, nan kwazad la, nan plenè a, nan kennenpòt sikonstans la. Depi ou fin tande pale de Levanjil la, ou pa inosan ankò, ou pa inyoran ankò. Angwo, ou pap gen pyès pawòl pouw bay nan jou jijman an pou jistifye rebelyon ou te fè lè ou te tande Levanjil ki tap anonse sa ki gen pou rive moun ki pa kwè nan Jezi yo.
Konvèti pa depann de jan yon kretyen ap viv, byenke jan yon kretyen ap viv ka ede ou konvenk pi fasil. Sa depann de ou menm menm, de volonte ou, konpreyansyon ou, akò ou lè ou fin tande Levanjil la. Tout sa ou genyen kòm rezon ki fèw pa vle konvèti se yon eskiz. Gen moun ki di Bondye ap pran yo lè li vle : eskiz. Lòt di, Bondye wè tout bagay : eskiz. Anfen, gen moun ki temwanye pou di ke Bondye pwoteje yo ak pitit yo depi lontan, malè pa rive yo e gen anpil mirak Bondye fè nan lavi yo : eskiz. Bondye renmen tout moun, li pwoteje tout moun e li rele tout moun vin jwenn li. Li pa gade moun sou figi, li jije tout moun menm jan. Ke Bondye te fè anpil mirak nan lavi ou pa gen anyen pou wè ak konvèsyon ou si malgre tout sa li fè yo, ou pa konvèti jis ou rive mouri.
Sonje sa ! Bondye pa fè anyen pou bay lòm libète fè sa ki mal. Se pa paske ou te chape nan yon danje oubyen nan yon aksidan ki fè si ou mouri demen, ou pap jije. Ou pral jije sou sa ou te fè e non sou sa Bondye te fè pou ou. Dayè, depi lè ou fèt, wap viv, Bondye fè ase pou w ta konvèti. Ti tan ou te pase nan vant manman'w lan sifi pou'w ta chwazi sèvi Bondye, malerezman sa pat posib, paske ou te inosan. Si jodi a, ou gran, ou gen ase nanm pou’w deside konvèti. Moman an rive paske eskiz ou yo pap valab nan jou jijman an.
Setyèm rezon: SALI A PESONEL
Si nap kontinye analize eskiz moun ap bay pou yo pa konvèti, nap konprann ke yo kwè se lòt moun ki dwe fè yo sove, alòske se Jezikri ki te vin mouri pou te fè sa. Yo pa di « Aksepte pastè a » men « Aksepte Kris». Lè yon moun ekri w yon lèt, yon mesaje pote l ba ou, si ou fè mesaje sa a malonèt oswa ou pa resevwa lèt la, se pa mesaje a ou fè malonèt, se moun ki ekriw lèt la menm. Konsa, Levanjil la se yon lèt ke Bondye ekri voye ba ou. Premye premye mesaje a ki se Kris te bay li ak moun nan tan pa li a. Pou koulye a, se sèvitè li yo nan lemondantye ki responsab fè travay sa a. Lè ou refize kwè nan Levanjil sou pretèks ke moun k'ap prechew la pa bon, se pa moun sa a ou pa refize vre, men se Jezi ki te voye li a. Koute sa li te di yo : «Ale fè disip pou mwen nan tout nasyon » (Matye 28.19). Plizyè fwa, ou tande Levanjil men nan tout fwa sa yo, toujou gen yon rezon ki anpeche ou.
Sali a pèsonèl, paske se ou sèl ki pou deside fè sa. Menmsi manman ou ta kretyen, papa ou ta jwe gwo wòl nan Legliz, tout frè ak sè ou se kretyen, pi fò zanmi ou se kretyen, sa pa pi enpòtan pase desizyon paw pou w aksepte Kris kòm Sovè pèsonèl ou.
Konsa tou, sali a pèsonèl pa vle di ou ka pran Levanjil la jan'w pito. Pa bliye gen moun ki la pou ba'w li. Si Bondye pa't voye Jezi, pa t'ap gen sali sa a. Oubyen si li te dezobeyi, nou tout tap kondane. Se menm jan an, si premye disip Jezi yo pa't obeyi ak misyon Jezi sa a, Levanjil la pa t'ap vin nan peyi nou, e nou pa t'ap ka jwenn lavi ki pap janm fini an.
Nou chak gen lavi pa nou, kè pa nou, souf pa nou, san pa nou, libète pa nou, konsyans pa nou. Nou chak gen chwa pou'n aksepte oubyen rejte mesaj delivrans nanm nou nan peche gras ak mesaj ke kretyen yo ap preche. Ou ka chwazi delivre oubyen kondane nan peche. Men sa Jezi te di : « Moun ki mete konfyans yo nan Pitit Bondye a p'ap kondane. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondane, paske yo pat gen konfyans nan sèl Pitit Bondye a. » (Jan 3.18). Sove depann de ou, pèdi, kondane oubyen peri a depann de ou tou, se pa ni Bondye ni pèsonn ki anpeche ou fè youn oubyen lòt.
Uityèm rezon: PWOFESI YO AP AKONPLI
Pwofesi yo se yon seri de bagay ke pwofèt yo te di ki pou rive. Pwofèt sa yo se te sèvitè Bondye ki te jwenn misyon pou pale nan non li. Yo te la pou di moun sa Bondye te di, sa li te vle e sa ki ta pral rive paske se sèl Bondye ki konnen tout bagay. Anplis, Bondye pa pale ak tout moun dirèk. Nan tan lontan, li te chwazi moun pou pale pou li men te rive yon tan, se te Jezi menm Pitit li a ki te sèvi bouch li pou pale ak tout moun sou bagay ki ta pral rive nan dènye tan an. Kèk nan sa li te di ekri nan vèsè sa a : «Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote » (Matye 24.7).
Youn nan sèvitè li yo li te kite pou kontinye pale te di tou: « Mete sa byen nan tèt ou : nan dènye jou yo, tan an pral difisil anpil. Moun pral fè rayisab, y'ap renmen lajan, y'ap fè grandizè, lògèy ap vire tèt yo, y'ap pale Bondye mal, y'ap dezobeyi papa ak manman yo, y'ap engra, y'ap san okenn respè pou bagay Bondye. Kè yo ap di, y'ap san pitye, y'ap pale moun mal, y'ap fè gwo kòlè, y'ap brital. Yo p'ap vle wè sa ki byen menm. Y'a mòde antrèt, y'a fè kòlè fasil, lògèy va gonfle lestomak yo. Y'a pito plezi pase sèvis Bondye. » (2 Timote 3.1-4).
Si ou wè bagay sa yo ap rive nan tan w'ap viv la, se aza yo ye pou Bondye ni pou pyès moun ki konnen pawòl Bondye a deja. Si yo rive, se pa paske Bondye rayi lèzòm men se paske sa te ekri pou rive e yo pa ka pa rive. Devwalman yo se pou byen’w paske Bondye fè’w konnen yo. Lèzòm ka chache fè tout sa yo vle men yo p'ap ka anpeche pwofesi yo akonpli. Se sèlman nanm ou, ou ka sove lè ou aksepte Kris kòm Sovè e Mèt ou. Si ou wè kèk sa ki te di nan Bib la kòmanse rive vre, ou pa bezwen mande lòt prèv pou konnen si aprè lanmò w'ap chape anba jijman Bondye lè'w mouri san Kris.
Anpil moun ki konnen bagay sa yo, toujou refize konvèti alòske Jezi te di klè: “Men, pèsonn pa konnen ni ki jou, ni ki lè sa va rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.” (Matye 24.36). Se li menm ki vle pou'w konvèti avan li twò ta pou ou.
Nevyèm rezon : OU P’AP KA REPANTI APRE LANMO
Lanmò se lè yon moun pa egziste ankò nan lavi a sou latè a. Sa vle di, aktivite li e kò li pa la ankò byenke foto ak imaj li nan lespri moun ka fè sonje li, men sa rete la. Depi ou mouri, tout bagay fini pou ou nan vi sou tè a paske se Bondye ki vle li konsa. Tout sa'w ka fè posib avan ou mouri, se sa ki fè ou bezwen aksepte Kris avan paske aprè ou p'ap ka fè sa.
Gen moun ki di pa gen anyen aprè lanmò. Dayè, pa gen moun ki janm tounen vin di kisa yo te wè. Pou koze sa a, Jezi te montre aklè sa ki ka rive yon moun ki mouri avan li te kwè nan verite a. Nonm rich la ki te nan reyalite a te bezwen pou Abraram voye Laza sou latè pou 5 frè li yo te ka evite chatiman l'ap pran, men Abraram te di li:“ Si yo pa koute Moyiz ak pwofèt yo, yo p'ap kite pèsonn lòt fè yo wè verite a. Li ta mèt yon mò ki ta leve vivan ankò, yo p'ap koute li.” (Lik 16.31).
Sa rive plizyè fwa gen moun ki te mouri ki leve ki vin di men sa yo wè de lanfè ak paradi. Moun ki te bezwen yon prèv konsa souvan rejte'l paske pou li menm sa moun resisite sa a ap di a pa vre, oubyen li pat mouri vre. Li sanble t'ap pi bon menm si li ta jwenn chans mouri e resisite pou l ta kwè vrèman, men lè sa a se tout moun ki tap bezwen mouri de fwa pou yo konvèti.
Se sa ki fè, pou ou sove, ou bezwen gen konfyans (lafwa) nan Bondye. Konfyans sa a pa chita sou inyorans, medyokrite ak manti men li chita sou kapasite ak fidelite Bondye. Nou fè chofè konfyans ke l'ap byen kondwi. Nou dòmi ak lespwa n'ap reveye. Nou pa janm wè sa ki nan vant nou men nou fè doktè konfyans nan bwè konprime li preskri nou. Yon moun ki gen 100 lane se yon moun ki pase 100 lane ak kè li ki pa janm rete san li pa janm met gaz ladan. Eske tout sa se pa travay Bondye? Kisa w’ap tann pou l kwè nan Jezikri avan li mouri ? Repantans la se avan lanmò li ye. Pa kite l pase san'w pa konvèti.
Dizyèm rezon : OU KA KÒMANSE JODI A
Si ou vòlè yon bagay, ou tiye yon moun oubyen ou fè yon mal kèlkonk, lalwa pap kite sa san pini. Moun ou fè tò a gendwa swete malè pou ou. Gen moun ki ènmi ou pou jis y'ale anba tè. Anfen, gen de bagay ou fè nan sosyete a, ou tou pèdi plas ou jiskaske w mouri. Se pa konsa sa ye pou Bondye. Men sa youn nan sèvitè li ki t'ap preche moun pou tounen vin jwenn li te di :
« Bondye fèmen je l sou tout tan sa yo moun pase nan linyorans. Kounyeya li rele yo tout, kote yo ye, pou yo tounen vin jwenn li.” (Travay 17.30)
Ou ka kòmanse jodi a zanmi mwen si ou santi ou nan nesesite pou'w konvèti paske Bondye ap tann ou depi lontan. Ou fè twòp lojik. Si Bondye ta chwazi fè lojik avè’w tou, ou ta dwe pa la deja paske se li ki te kreye’w. Li pwoteje’w e siveye’w lè w’ap dòmi. Dat kè’w ap bat, san ap koule nan venn ou, w’ap ekspire, ou mache, ou travay, ou pran kont plezi ou gras ak lasante ou genyen. Atout privilèj sa yo, w’ap viv ou toujou pa vle sèvi li. Imajine si Bondye t’ap fè lojik avè’w…
Sispann bay eskiz, sispann gade sou sa moun ap fè e di, paske jijman Bondye a pa chita sou sa lòt moun di oubyen fè ki mal. Li chita sou misyon Jezikri a ki te vini pou te delivre ou nan esklavaj peche, yon fason pou epanye’w de kondanasyon.
« Se poutèt sa, jan Sentespri te di l la : Si nou tande vwa Bondye jodi a, pa kenbe tèt ak li… » (Ebre 3.7-8b)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire