vendredi 2 octobre 2015

Nido nan pwoblem

Uityèm epizòd

Bagay yo genlè vle chanje pou Nido vre. Antouka, n’ap sib...
Mezanmi, lè Nido vire gade dèyè, li wè Sacha. Byen fre, pi bèl pase li nan pwen. Kè Nido kòmanse bat tankou manch pilon k’ap pile dire nan lane 1998 nan lakou Lyankou. De pye malere a ap tranble, madmwazèl la...kiyès ankò a? Banm wè! Oke, Nadin...pran plezi li nan obsève tout ti jès Nido. Lè fini aprè, pou l’al rakonte Sacha kòman tibway la t’ap kankannen devan dife bote li. Konsa yo ye medam sa yo, pito’w pa tande blag fanm ap fè sou gason, sa ka bò’w regrè pou’w pa janm koze ak yo. Bondye fè’m pa ladann ankò papa. Pwoblèm kanmèm pou Nido.
Men kòman sa ye ant mesye dam yo:
- Bonjou Sacha, Nido di li men li pa ka gade li nan zye.
- Bonjou Nido...ou anfòm?
- Bon, pa tèlman. E ou menm?
- Mwen la sof ke m’ap santi’m byen lè’w fin eksplike’m pouki rezon ou te fè sa’w te fè Nadin lan.

Nadin gentan kouri di:
- A, Sacha, bay bagay sa a vag dakò. C’est le passé.
- Wey ou menm, ou pa janm pa nan kraze kite sa.

Kèt! Sa Nido te panse a genlè se pa sa. Sacha toujou nan kreye pwoblèm. Nadin di Sacha:
-  Ebyen Sacha m’ap vini mwen pral fè yon apèl la a.
- Yon apèl? Anndan bibliyotèk la pa gen siyal?
- Genyen wi men gen twòp reseptè, ou konprann.

Nadin ri epi li soti kite 2 anmourèz yo nan patiraj yo. Ala koze papa se lè moun damou, yo pa ka kite vre. M! Se la pou’w ta ye pou’w tap gade fim sa a. Dyalòg la kontinye...

- Sacha cheri, mwen konnen mwen fè’w sa ki mal men m’ap mande’w padon paske m pat dwe fè sa vre. Ou te montre’m ou fidèl twòp poum te rive twonpe’w konsa. M konnen ke’w pap ka bliye sa men omwen, banm chans mwen pou’m rekòmanse e m pwomèt ou m pap fè erè sa a  ankò.
- Ou kwè sa Nido?

Nido kouri mete ajenou devan Sacha. Sacha ri, epi li di misye:
- M konn jès sa yo Nido, yo pa ka konvenk mwen, dayè desizyon mwen ap trè senp e trè kategorik avèk ou.

Nido entèwonp li pou l kesyone li.
- Avan sa Sacha, mwen ta renmen ou di ak bouch ou ke’w padone’m avan ou enpoze’m yon kondisyon.

Sacha vire tèt li lòt bò epi souke li, li gade ti tonton an li di:
- Wi, Nido mwen padone’w.

Nido fè pou’l kouri anbrase li, manmzèl estope li ak men dwat li. Li kòmanse balanse lendèks li pou’l ba l yon pinga.
- Atansyon! Atanson!
- Men sak pase Sacha, se mwen Nido wi.
- Mwen pa avèg ni m pa soud, e m gen tout nam mwen sou mwen.

Nido ki te prèske rive sou Sacha, fè yon ti bak epi li chita nan menm plas la ak bouch li tou louvri. Ecoutez madame la moraliste!

- Mwen padone’w pou sa’w fèm nan men sa pa vle di ke m pral kite tou vid pou’m peye konsekans yo.
- Men Sacha....
- Shuuutttt! Tande’m byen

E eey! Ala de pwoblèm lè’w antò konpè. Ti jennonm lan fèk tanmen ap pèdi plim wi la a. Banm kontinye tande.

- Ou te twonpe’m men m pa konnen depi kilè ou te kòmanse ni kisa ki te rive ant ou menm ak moun ou te twonpe’m lan. Kidonk, m’ap pran anpil prekosyon avèk ou pou’m pa viktim 2 fwa.
- Men m pa gen anyen Sacha. Kòmsi’w vle di’m....(Nido pa kontinye)
- Egzakteman sa’w panse a. Dayè m pa konnen konbyen fwa sa te rive’w te antre nan relasyon ak li, e m inyore si’w te pwoteje. Anplis, li ka menm posib pou’w  fi sa a tonbe ansent.

Woy! Men koze a, men pawòl la, men bonm nan, men nouvèl la, men machandiz la, men dosye a, men chay la Senyè papa souple, sove Nido. Gad’on doulè.

Nido bese tèt li, demen nan figi li sèvi li mouchwa pou retire swè estrès ak latranblad. Antouka, se pa Molè ki te bay nouvèl sa a. Nan doute doute, kesyone, analize, fouye, gen anpil sekrè ki ka devwale san zatann. Se sa ki fè li toujou bon pou’w konnen ke tout sa w’ap fè ka swiv ou. Sacha fèk gen yon zèl kat ki file, yon zèl kat ki mande reflechi avan Nido mize. Pandan y’ap pale konsa, Nadin vin reparèt tou cho tou bouke li di:
- Eskizem wi Nido...Sacha m gen yon niouz pou ou, bagay malè.                    

Aswiv...

Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire