vendredi 2 octobre 2015

Nido nan pwoblem

Nevyem epizòd

Kou sou kou. Pwoblèm sou pwoblèm. Traka sou traka. Jan yo di’l la, dyak sou dyak! Chak fwa Nido pral jwi yon ti moman, mesye pwoblèm toujou parèt devan li pou met baryè. Sacha genlè pa sou bay vag menm, malgre li te deside fè yon kraze kite sa ak mizè li t’ap fè malere a pase. Eske Nadin ta vin gate bagay la la pou jan tigason gen bil pou’l peye? Nou toujou pa konnen, paske nou la pou nou swiv. Kite mele nou nou fache, dayè pwoblèm Nido pa pwoblèm nou. Gad sa ki rive negwo a.

Lè Sacha retounen bò kote Nido aprè li fin pale ak Nadin, manmzèl bay yon kokenn chenn souri san parèy ki fè li reyone tankou solèy douvan de boul je Nido. Misye pa sispann griyen ti dan li yo, kwake kè li toujou ap kase paske li konnen li anafè. Wou! Sispens! Nido pa ka tann ankò pou li poze Sacha kesyon:
- Kisa ki fè kè’w kontan konsa a Cha?
- Kè’m kontan, se tou. Ou pa konn gen kè kontan tou ou menm?
- Wi, men mwen toujou di poukisa. Kontrèman la a, ou pa di kisa ki fè sa.
- Bon, mwen kenbe sa sekrè pou mwen.
- Ale Sacha, poukisa w’ap fèm sekrè a la?
- Paske se dwa mwen pou’m fèw sekrè. Dat ou t’ap fèm sekrè tou, koulye a ou wè konsekans yo?
- Waw! Sacha ou p’ap fin ak koze sa a?
- M’ap fini ak li lè mwen fini ak ou.
- E kòman ou konte fini ak sa?
- Nan sekrè sa a ke’m genyen an.

Nadin reparèt e li di Sacha.
- Bon, mwen ale wi. M’prèske an reta nan sèvis Legliz la.
- Ale non sèvant. Ou tèlman sou levanjil sèjousi, sim te tankou’w m te delivre deja.
- Kòman sa ou te delivre deja a?
- Paske m t’ap li 17 sòm dèyè Nido pou’m fè’l peye tout sa li te fè’m.
- Ouf! Tèt ou pa bon ou menm.

Nadin vire lale. Ki nouvèl sa menm ki rechofe kè Sacha konsa a? E pouki li kenbe sekrè a pou Nido? Petèt pou’l fè’l kontinye soufri...Konsa tou...Bon banm pa pale koze moun yo papa. Men omwen, Nido konnen ke se pa pitit la Sacha konnen li genyen. Se konsa wi jounen an te fin pase ant mesye dam yo. Babay e byenveni nan yon lòt koulè solèy.

Pwoblèm yo chanje katye

Maten an byen bonè Nido abiye li tankou yon kòk gagè nan gran lakou Mapou. Ton sou ton, eskini pa gen pase li. Dènye jou sa yo, pye pantalon tounen manch chemiz. Manch chemiz tounen chosèt. Tout ti bway sou frechòp. Dan sere, sousi kadnase. Tou dwat tankou lèt I nan pitimi ki fin mi. Pou jan’m wè pantalon sa a sere la a, genlè se lwil maskriti y’ap pase nan kakonn pye misye pou retire li. M ta di yon bagay konsa sou Fesbouk, like t’ap fè kenken jis yo bloke’m. Bon, kite koze pran pawòl. Men nonm lan...

Rive li rive devan baryè kay Sacha a, se te menm moman an, li wè 2 malèt k’ap soti nan men jeran an. Koumantchouboulout! Sak pral gen la a? Sacha k’ap kite peyi a. Rete!

- Kòman? Kòman...? m pa konprann.
- Se ou ki mèt kay la koulye a? Jeran an mande li.
- Non, men kisa ki...ooo apa m wè Sacha byen fre. Ki kote li prale la a? Nan joune lanmè oubyen nan plaj?
- M pa ka di’w men sèl sa’m konnen sèke ni plaj la ni lanmè a tout se dlo. Nan yon sans, ou pa twò lwen non paske li pral lòt bò dlo.
- An an, se poutèt sa Sacha t’ap ri lòdjou a avè’m nan? Se sekrè a sa? Oke,....(vwa Nido chanje) oke... pa gen pwoblèm.

Sacha pa’t gentan wè Nido. Misye tou chape poul li papa. Gen de batay w’ap mennen se vag ou bay paske’w deja pèdi. Yo di gen kou, men gen kou pase kou. Lavi a pap di’w men li chaje sipriz pou ou wi. Ti tonton an fin pase tout mizè sa yo nan sipòte tout kalite malonèt ak desepsyon epi pou se sa li jwenn. Antouka Nini Dodo, ou peye sa’w te fè, reziye’w zanmi pa’m.

Gade yon lòt sipriz ankò!

Djeri resi kwaze ak Nido. Sa fè lontan en? Ebyen, mond lan se yon kase tounen li ye wi. Se la a nou tout ye. Ou te mèt jis Lachin, mwen an Almay, se la a nou ye wi. Pa gen lwen, pa gen distans paske nou anba menm solèy. Se menm syèl la ak tè a wi. Aw te panse menm? Djeri ka fre tou men pa pase Nido: debès!

- Sa kap fèt Nido?
- Nou la wi. Nido reponn tou piti, tèt atè chita sou yon vye wòch kèlke mèt avan lakay li.
- Di’m non zanmi’m sa kapfèt?
- Ebyen, nèg ap konte pwoblèm.
- O ki pwoblèm sa ? Apa’m wè je’w tou wouj, ou pa’t dòmi yè swa?
- A, w’a pase ‘m nan betiz monchè. Ou byen konn pwoblèm mwen.
- Bon,...eee. banm wè:...Sacha?
- Egzakteman...se li menm, menm li menm nan.
- Tèt chaje. Ti kòmè sa a ap fin chifonnen’w nèt.
- Chifonnen sèlman? Alèkile la a se nan dlo wi mwen ye ap neye. Tonisboulit mwen, se mwen ki mwen an wi. 18 premye lo, mwen m pa ka pa milyonè menm. Jan’w wè’m lan se pa konsa map rive. Respè pou ou blak. Yès!

Bouch Djeri rete tou ouvè ap gade Nido k’ap pale. Eske sa’m sispèk la se sa? Eske sa m’ap tande a se sa tout bon vre? Si yon bagay konsa ta fèt, konnen se pa pwoblèm sèlman Nido pral jere la a.

- Nido? (Djeri di li)
- Nido wi... (bwèt, zonbi dans le pays).

Djeri mete 2 men sou tèt, li kanpe epi li kòmanse repete.
- Woy! Nido fou pou Sacha mesye! Nido fou. Woy! Nido fou! Rete, Nido fou. Kisa? Nido fou. O? Pou fanm wi papa!          


Aswiv...

Jerome Dorsonne Emerson

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire