Dizyèm epizòd
3 mwa apre…
Bondye pa konn bay pèn san sekou. Depi ou gen pasyans, pwoblèm ou yo gen pou rezoud. Soufri pou tan ou ka soufri zanmi mwen, yon jou kanmèm, wap delivre. Sa fè twa mwa depi Nido pa pran nouvèl Sacha. Gras ak bon zanmi li Djeri, li te rive rejwenn bon sans li. Li pa’t janm lage li. Aprè yo te fin soti lopital, Djeri te rete trè fidèl e pi fidèl pase avan lè yo te zanmi. Tout bagay te fin regle antre mesye yo. Men sa k te rive antre yo yon jou :
Pandan yo t’ap mache ansanm, Djeri te mande Nido
-Ou pa janm wè Maks?
-Non epi se enposib pwiske misye lage li Brezil.
-Tèt chaje ! Tout jèn yo prèske fin kite peyi a nan zafè Brezil sa a. Se pa ti kòb non ou peye pou’w fè vwayaj sa a Nido.
-Ebyen, se kòb yo genyen. Gen moun ki vann tè, sa k vann machin, lòt ki plane kay e vann tout byen jis pou yo ka kite peyi a.
-Men finalman ki avni Ayiti paske lespwa tout tijèn se kite’l pou al chache yon lavi miyò. Ki mal Ayiti fè pou l’ap sibi tout mal sa yo ?
-Jan moun yo di’l la, Bondye sèl ki konnen paske prèske tout moun ki di yo pral chanje sa, se lavi pa yo ki chanje. Se sa ki fè chak ayisyen bezwen chanje Ayiti.
-Si’m byen konprann, se nan lide pou yo chanje vi yo?
-A! se pa sa m di non, men si se sa ou wè konnen se sa.
Djeri teke Nido nan tèt epi li ri. Sanzatann, Nido gade Djeri, li di:
-Djeri…èske’w padone m vre pou sa k te rive antre nou an ?
-Wi, e mwen menm tou se kesyon sa a map poze.
-Mwen padone’w. E franchman, si se pa’t ou menm, m pa konn ki valè dega m te ka fè. Anpil moun ap di m te konn ap mache touni. E ou pat janm fatige pran pasyans avè’m.
Djeri bese tèt li, li di Nido.
-Pa kontinye Nido, w’ap fè’m kriye. Tanpri,…se te jis pou’m te montre’w ke ou se bon patnè’m.
- Mèsi anpil Djeri.
- Ou menm tou Nido.
Zanmitay? Sèl 2 bon zanmi ki pou ta eksplike’w. Gen zanmi nan bouch, zanmi nan pòch, zanmi okazyonèl. Gen zanmi pou zanmi, zanmi pase zanmi, zanmi kot zanmi. Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè, yon sè. Gen zanmi ki pi enpòtan pase richès paske byen ka kite’w nan yon sèl kout zeklè 12 janvye 2010.
Gen moun tou ki bliye fanmi yo poutèt zanmi, sila ki prè pou kraze tout relasyon ak fanmi yo poutèt yon grenn zanmi. Kilès ki ta di Djeri ta retounen bò kote Nido konsa? Kilès ki ta di Djeri ta pran swen Nido konsa? Yon nèg ki te fin rele’w nan leta tèlman li pa’t ka rezoud ti pwoblèm li avèk ou. Antouka papa, li te padone li, e se sa ki pi enpòtan.
Pandan yo nan wout la, Nido kontre ak Nadine. Manmzèl sezi wè Nido paske li konnen li te malad. L’ap souri men Nido rete byen deside. Djeri menm pa gade manmzèl menm?
Li apwoche mesye yo, li salye yo e pi li mande Nido.
- Kòman ou ye Nido? Sa fè lontan m pa wè’w wi.
- Ebyen mwen la wi gras ak Dye. E ou?
- Mwen la wi. Ou konnen, n’ap gade san pran. M wè’w byen anfòm papa.
Djeri ap ri anba anba, li fè yon ti deplase paske li sispèk konvèsasyon an ka vire. Nido ki konprann tou, pare li pi byen pou pale ak Nadine.
- Ou twouve ke mwen anfòm? Si ou di sa ak tout kè’w, m remèsye ou.
- Mesye, m kontan wè’w anpil wi Nido.
- Mwen tou, e m pa kwè kontantman mwen an pi fò pase pò’w la. Paske’m pa’t panse rewè lavi ankò, men Bondye pi fò.
- A wi li pi fò.
Nadine souke zepòl li. Nido pa sispann gade li nan je tankou lòt la te di: Cheri mwen renmen tout manti’w te banm yo. Sam pi renmen an se lèw te dim ou renmenm nan. Nadine ki pa jwenn anyen pou ajoute, fè konklizyon:
- Ebyen, mwen panse n’ap rewè ankò, pa vre.
- M ret kwè sa paske se la a nou ye.
- Ou pa gen telefòn? Mwen t’ap bò’w nimewo’m epi’w ta rele’m.
- Non, m pa sèvi ak telefòn ankò pou yon ti tan. Men m panse n’ap rekwaze yon jou konsa.
- Dakò. Pase yon bon fen jounen.
- Ou menm tou Nadine.
Nido pran tan li pou gade Nadine ki raple. Aprè yon mèt, li vire gade Nido ak yon souri san parèy. De bwa bòzò a kwaze l’ap kontanple Nadine. Fò’w ta la pou’w wè kòman Djeri ap gade Nido tou. Djeri rele misye pou li di li:
- Yow, ou genlè bliye kote’w soti?
Nido ri, li souke tèt li, l’apwoche Djeri pandan l’ap di li:
- Si’m di’w yon bagay ou pap kwè’m.
- Kisa li ye a la menm? Djeri mande.
- Rezon ki te fè’m pran tan ap gade li a se paske m wè nan zye li Sacha k’ap pale lè’m te fèk rankontre li.
Onzyèm epizòd
- Kisa’w di’m la a Nido?
- Anyen non, se te jis yon lide mwen t’ap fè de Sacha.
- Mwen ta swete sa. Di’m pito se te yon vizyon paske moun sa a pa egziste ankò.
- Ou kwè sa Djeri?
- E kisa’w te vle mwen kwè la menm?
- Non, se te jis yon kesyon.
- Sèlman, jou mwen ta...bon, prefere mwen pa di anyen.
Djeri gentan pran Nido depi anlè. Antouka, se li ki ka di kisa li te pran pou retire viris sa a nan san Nido. Sèlman, moun pa pale nan zafè de moun ki damou. Wa wont! Mèwi, w’a wont frè’m paske koze damouklès sa a ka lakoz yon nonm enmi’w jis nan simityè. Banm pran yon ti souf...
Bon, men pwoblèm...
Menm ti kote a ankò: nan Bibliyotèk la. Nido ki renmen fè lekti toujou sonje randevou sa a. Men pandan li byen lwen nan yon lekti, gen yon moun ki antre anndan an li pa menm prete atansyon ak sa. Kilès menm?
- Bonswa Nido, moun lan di.
- Bonswa, Nido reponn, o ou fèm sezi wi. Sa w’ap fè la a? Se pa yon abitid kanmèm.
- Awi, men de jou an jou, m’ap konprann enpòtans lekti. San mwen pa pote atansyon, mwen wè mwen vin renmen fè sa. E ou se youn nan moun ki ankouraje mwen anpil.
- Bon, mwen flate men se nòmal paske tout jèn ta dwe renmen fè lekti. Se youn nan mwayen pou’w konnen anpil bagay san’w pa bezwen deplase. Nan yon bibliyotèk, se tout yon mond ki egziste, Ou ka vwayaje nan peyi ou vle, san’w pa bezwen ni paspò ni viza.
- Waw! Ou vrèman adikte nan liv. Kòman ou fè konnen tout bagay sa yo?
- Bon, kòm mwen sot di ou, liv se yon sous konesans. Depi ou entèrese ak sa, ou ka konnen plis pase’m. Plis ou li, se plis ou konnen. E plis w’ap konnen, se plis w’ap konprann.
- C’est tellement beau de t’entendre parler.
Nido di nan panse li: Du français, ça commence. Kòm li wè konvèsasyon vle vire, Nido ap eseye detounen li.
- Di’m non Nadine, ou pa pran nouvèl Sacha?
Avèk jès vag, Nadin reponn:
- Non, mwen pa tande li non, sa fè trè lontan. Yo menm t’ap di li pral marye.
Woy! Kè Nido manke bloke.
- Kisa’w di la a? Se pa vre?
- E menmsi se pa ta vre?
- Sa pa regade ou.
Nido ki santi li fwase Nadin kouri reprann bon sans li.
- Eskize’m wi si’m pale yon ti jan dwòl. Se jis mwen santi nouvèl ou a twouble lespri mwen. E ou byen konnen ki efè sa ka fè.
- Se pa anyen. Mwen konprann reyaksyon ou yo. Se nòmal. Li pa fasil pou’w jere yon sitiyasyon konsa. Men mwen ou menm, mwen t’ap fè lòt plan paske franchman l’ap difisil pou’w ta rewè Sacha ankò Nido.
- Se pa rewè li ki enpòtan Nadin. Pou moman sa a, mwen vle konnen li egziste. Ke li marye, sa pa deranje’m, men lesansyèl, mwen vle tande bòn nouvèl de li nan fwaye li. Se pa satisfezan men omwen sa kore kè mwen. Pafwa, ou pa ka rive konvenk yon fi de santiman ou pou li, men sa pa anpeche ou swete bonè pou li ak moun li estime ki ka rann li pi ere nan lavi li.
Nadin fè yon ti gade Nido nan je pandan li mete men nan machwè li. Li di:
- Mwen konprann ou Nido, e pafwa tou, moun ou konn renmen an se pa li ou chwazi.
Move chwa se youn nan rezon ki ka fè’w soufri anpil.
Nido souke tèt li, li di:
- Mwen aksepte e se sa ki fè mwen p’ap chwazi ankò.
Nadine etone, li mande li.
- Poukisa?
- Paske mwen pa wè lòt fi ki ka ranplase li. E mwen pè remete yon lòt imaj nan lesprim konsa.
- M ka konprann ou echwe men sa pa vle di pou’w pa kontinye eseye Nido.
- M’ap di’w 2 bagay. Premyeman mwen pa echwe, mwen te fè yon eksperyans ki ban mwen yon matirite. Dezyèman, mwen p’ap kontinye eseye yon bagay ki ka fè’m pèdi lavi mwen. Mwen kwè ke li lè li tan pou’m pran lavi mwen an men. Mwen vin konprann ke gen de bagay ou pa kouri dèyè yo. Se kòmsi se kous w’ap fè ak lonbraj ou.
- Dakò, se byen si se ak lonbraj ou w’ap fè kous.
- Kòman sa ? Ou pa ka genyen lonbraj ou nan kouri.
- Egzakteman! Sa ‘w dwe fè se mache ak lonbraj ou paske lonbraj ou se ou menm.
- Kidonk, kisa’w vle di?
- Se limyè solèy la ki fè lonbraj ou ka egziste. Men se renmen ki ka fè yon moun tounen lonbraj ou. E si lonbraj sa a ta la gras ak limyè solèy renmen?
12 epizòd
Nido poko fin kwè sa li tande a. Genlè l’ap reve toujou. Nadin sanble pa pou jwèt, li tounen pou bon. Dayè pa gen anfas menm. Sacha pa la, anplis manmzèl pa bay Nido regle aryen pou li. Sitou Nido vin anfòm: bo ti gason devan lasosyete. Nadin sanble yon malfini k’ap desann pou depoze lapat sou Nido. Gade jan l’ap gade tinèg la. Nan jan Nido fè figi li la a, Nadin pa espere jwenn yon bon reyaksyon non. Annou swiv…
Dèfwa, lonbraj ou konn pi piti pase kò’w. E lòt fwa tou, li konn pi gran. Se trè difisil pou’w konnen kilès ki se vrè a.
Ou ka vin pi klè Nido ? Nadin mande li.
Nido gade Nadin avèk anpil trandrès. L’ap souri e je li pa janm bat. Anfen, li di Nadin.
Poukisa ou vle yon jwèt konsa Nadin ?
Ki jwèt Nido ? Mwen renmen’w ak tout kè’m, menmsi ‘m konnen l’ap difisil pou’w kwè nan santiman mwen.
Se pa enpòtan Nadin. Moman an mal chwazi.
E ou panse w’ap jwenn yon lòt ankò ?
Sof si Bondye pa ta gran. Mwen kwè ak tout kè’m ke dezi mwen yo nan volonte li.
Dakò. Ou vle fè’m konprann ke gen lespwa pouw retounen ak Sacha menmsi li marye ?
Men m pat janm di’w mwen kite Sacha. Se li menm ki pati san li pa menm di’m sa. Petèt, li ka gen yon rezon ke’m pa konnen men sa pa retire anyen nan santiman mwen pou li. Mwen toujou renmen li.
Nadin santi li vekse. Sacha zonbifye ti konpè a. Nadin di Nido.
Ou vle konnen poukisa Sacha pa’t di’w li t’ap pati Nido?
Wi, sof si se pa yon istwa ou pral envante pou’w fè’m reziye tounen avèk ou.
Dakò. Randevou dimanch maten aprè legliz.
Poukisa se jis dimanch, jodi a nou vandredi?
Paske’m pral mande Bondye padon avan mwen devwale’w yon sekrè.
Nido vin yon ti jan krenn, e sa fè li plis ta anvi konnen rezon an. Yo tonbe dakò sou randevou a. Se konsa sa te fini nan jou a.
Tèt chaje!!!
Nou nan mèkredi. Sa fè 3 jou depi Nadin te fin rakonte Nido rezon ki fè Sacha pa’t dil anyen lè li t’ap pati. Toujou menm ki kote li abitye pran ti frechè li a, Nido ap repoze li. De tanzantan, kèk pawòl Nadin te di ap fè aparisyon nan lespri li. Nan menm moman an, Djeri vin ap parèt. Li salye misye epi li chita kote li a. Koze tonbe pale. Aprè kèk minit konsa, Djeri mande Nido:
- Ou tande nouvèl m tande a?
- Ki nouvèl?
- A monchè! Se pa paske’m te fè 3 jou deyò pou’w panse’m pa branche non.
- Mwen poko konprann ditou de kisa w’ap pale la a Djeri franchman.
- Bon, banm dirèk. Kijan ou te resevwa nouvèl ke Sacha pral marye?
- Tankou tout nouvèl?
- Kòman tankou tout nouvèl la? Koulye a ou bezwen kòmanse ap banm manti, pa vre?
- Mwen pa manti, men mwen ap evite pale de Sacha jis pou’m ka santi mwen pi lib.
- Abon, gen yon nouvèl ki fèk tonbe la a. Sèlman pinga se menm jan ak lè yo te di fontyè ant Sendomeng ak Ayiti a te fèmen an.
- Kòman sa? Ou di’m 2 bagay mwen pa ka konprann.
- O, eskize’m, m bliye si’w pa konn fè nouvèl. Pou’m retounen avèk ou sou latè, mwen vle di’w ke ou finalman pran yon desizyon k’ap bon pou ou.
- Poufff! De tout fason, se pa fasil. Sepandan se sa ki bon pou moman sa a.
- Pa di’m se jalouzi ki fè’w pran desizyon sa a non. Souvan, desizyon ki pran nan jalouzi pa dire non tibway. Fò’w reflechi wi.
- Ou pa bezwen pè Djeri. Mwen deside pou’m pa fè tenten ankò pou Sacha paske gen anpil lòt bagay ki pi enpòtan pase sa. Chak jou k’ap pase, m’ap vin pi saj achak fwa m’ap panse ak erè mwen te fè. Mwen pran chak minit pou yon kado.
Djeri rete byen serye li di:
- Nido le sage. Sak ta di sa?
- Se lavi Djeri. M pa ka kontinye jere pwoblèm sa yo ankò. Sa sifi pou mwen.
- Dèfwa tou Nido, se nou menm wi ki konn mete tèt nou nan pwoblèm. Poukisa’w te bezwen al twonpe Sacha ak Nadin?
- Djeri, istwa sa a pase, dakò?
- Wi, li pase men konsekans yo la toujou.
- Kidonk, ou kontan nan pèn mwen?
- Wi,mwen kontan paske m pat janm sipòte’w.
Nido frape janm Djeri li di li:
- Zanmi’m, ann kite sijè sa a pou nou pa ouvè yon plè ki deja fin geri. Banm rakonte’w kisa Nadin te dim pito sou pati Sacha a.
- Kisa? Nadin? An ou toujou nan tifi sa a toujou Nido?
- Non, non, se pa sa’w panse a. Si te gen yon timye ant mwen menm ak Sacha li te patisipe. Sou baz sa a mwen fè sa’l dim nan konfyans.
- E kisa li di’w menm Nido?
Nido ranje kò li pou’l pale. Li kòmanse konsa.
- Monchè, depi lontan m te remake sa. Manman Sacha te toujou pran pòz li pa gen pwoblèm avèk mwen. Poutan Nadin aprann mwen ke se pou tèt mwen yo fè Sacha pati. Ou imajine’w Djeri?
Aswiv...
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire