samedi 19 mars 2016

Kay Rogeste, 1992-2000

Mwen sonje lontan. Lontan, nan lane 1992-2000 yo, nou pa ka bliye.

Te gen Jean Duvelt, Janac Nathalie, Joseph Jean Holly, Jean Esdras, Depestre, Yvenot Jérôme (Emerson), Milien Dieujuste Metrius Vilot, Luberisse Shenia, Duval, Wilder , Manassé Wedly, Phildort  Nosley, Noel Wandy, Wilnick, Fervilon Osnic, Gracien Stevenson, Esaie Louis, Louitelson Cheriscar, Désir Gregory,

Te gen lot ki te vini tankou Akaby, Reginal. Gen sa mwen bliye, gen sa ki pa la, gen sa ki ale, ale lwen lwen. Ou kwè genyen ki konnen Rogeste mouri? Jan nouvèl sa a ap mache, mwen pa kwè yap ret nan inyorans. Antouka, map pale pou yo.

Lontan, lè nou te nan men mèt sila yo:

Madmwazèl Chilaine, bon ti madmwazèl, pasyant se pa tankouw. Li toujou ap ranje rido a pou solèy pa pran nou anba très la, egzakteman nan kay ki fèt dèyè legliz la.

Mèt Anselot, lap eksplike, lap bò w rigwaz. M pap janm bliye kout frèt sa a non.

Mèt Jean Claude, toujou ak yon chemiz manch kout, lap souri, lap kale je l sou ou men bon bèt.

Mèt Levi! Duvelt rele l "Ti mèt dou". Se te pwofesè ki te toujou chèlbè. Bèl tenis li nan pye l, djin li byen chita. Fò w ta la, men ou ka mande kennenpòt ansyen elèv si m fè manti.

Mèt Reynold? Anpil pasyans pou l aprann ou men kanta pou ti rigwaz li, li pap negosye l. Fyaw fyaw, rapid rapid. Epi sa k tchwe m lan, lap ri apre.

Mèt Beloni oubyen Belo. Bon, depi w pa konn leson Belo, ou mèt prepare w. M sonje yon lè se mwen ki te lakoz tout klas la pran baton. M pap di poukisa...

Mèt Emilcar. Serye, pa gen pase l. Lap bò w bon bèt men m pa konn si se menm kote li te pran pwen kale ak mèt Belo. Plizyè elèv te konn gen pwoblèm ak mèt Emilcar men nou pat janm rive wè poukisa.

Mèt Rogeste, m pa konn sa k fè m pa tèlman raplem twòp bagay de li. Petèt paske l te twò tolere m. Anplis, li pat konn kale fasil men kou lap fèt la, wap jwenn.

M pa ka palew twòp de matmwazèl Dassuse paske m pat nan Mwayen 1 fi. Mande Nathalie, Rosemilore, Shenia, Youreline, Chedleine, Agathe,  e lòt yo.

Lontan se te lekòl. Se te konpetisyon. M sonje yon lè m fè 144 sou 150 nan Katriyèm AF, Esdras premye sou mwen. Poutan m pa kwè m te menm dezyèm.

Lontan, tout paran te la ak pitit yo pou pran kanè. Yo te konn bow kado. Yon fwa m te premye, m te jwenn 2 goud papye yo.

Lontan, pi bèl jwèt ki te gen lekòl se te Tcheki Tcheki Tcheki (2f) Tcheki Lakomina Dèwa Dèwa Estop. Si w te la, wap konn rès la. Koulye a, bagay sa pa egziste ankò.

Lontan, se te yon tan. Jodi a, se yon lòt tan. Mèt Rogeste te youn nan moun ki te fè tan sa a te bèl.

(Mesaj a modifye)

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire