Depi w parèt devan klas la, ou pa tande pyès bri, konnen mèt Rogeste nan klas la. Timoun fè silans. Ranje kò nou wi. Li gen dwa pa kite nou antre wi. Gade li chita sou chèz la, men gwosè li. Ti linèt li nan je li. Liv li nan men li. Kote w wè li chita la a, li pa p leve fasil. Ey ! Sa w genyen ou menm ki fè w ap bat kò w konsa ? Bondye fè nou konnen mèt la pa nan rans. Nou konnen sa deja.
Depi timoun yo wè mèt ap vini, tout moun chache plas ou. Chache kote w konn abitye chita a. Mezanmi gen elèv ki tèlman pè mèt la, menmsi yo konn yon repons yo pap di l.
Gen Jerson, Flouscar, Ronise ak Rodzer, pou n site sa yo sèlman, nan klas Filo a, mesye dam sa yo toujou di sa yo panse, patisipe ak mèt la nan sa lap di.
Mèt Rogeste renmen bay yon ilistrasyon pou tout sa l’ap eksplike sitou nan epsikoloji ak literati. Li pa kale fasil, men lè li kale, ou pa gen dwa bliye kal sa a. Jan Maurice Sixto di l : « Mwen ba w yon kal pou listwa ».
“Dirèk la pap pèdi lè l li menm. Lè a poko menm rive, li gentan la ». Elèv sè jousi ! Poutan si mèt la te konn anreta, yo t’ap kritike l. Bondye fè se nan lakou lekòl la li rete.
Avan mèt la ale, li te di yo elèv yo « M’ap bannou rès pye a ». Se te yon fason pou li te montre yo li pap lache yo. Li te toujou di menm lè li pa kapab, l’ap kontinye travay pou l fè timoun yo reyisi nan egzamen an.
Dènyeman, nan klas segond la, li te di : « Sa k pou di w se pa dènye kou n’ap fè ? ».
Nan 26 janvye 2016 la, jou anivèsè li, timoun yo t’ap fredone anba anba « Joyeux anniversaire ». Mèt Rogeste di : « Anivèsè kilès n’ap fete la ? » Yo reponn li : « Anivèsè w mèt la ». Li rete byen rilaks epi li di an blag : « Si nou pat di m sa la, m pa tap sonje non ».
Gen elèv ki te toujou kwè mèt t’ap leve pou kontinye travay men tankou yon kout zeklè, li pati san l pa menm di nan ki chapit pou n travay pou egzamen li an.
Ou manke nou mèt.
Jérôme Dorsonne Emerson
ak èd Jerson Monéus (Filo Vega, 2015-2016)
Aucun commentaire:
Enregistrer un commentaire